CLICK HERE TO LISTEN TO US LIVE EVERY SUNDAY FROM 5:30 PM ON 910AM FOX NEWS RADIO
Founded in April 2008 by Pastor Ronald Maurice, this radio ministry is a non profit organization serving the Haitian community in the
Do you know the importance of a community-based radio program like this?
In fact, democratic, community-based radio is alive and well in the
A community-based radio program like ours can make a big difference in the Haitian community.
POUKISA MINISTÈ RADYO-A EGZISTE?
Nou vle evanjelize paske Jezi kris mande pou nou fè sa, li di nan Matye 28: 18-20 “ Ale fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a. Moutre yo pou yo obsève tou sa mwen te ban nou lòd fè. Chonje sa byen: mwen la avèk nou toulejou, jouk sa kaba.” Nou kwè osi tant you kretyen gen plis konesans nan pawòl Bondye, se tant li an mesi pou-l defann lafwa kretyènn li.
Nou vle eduke e enfòme paske nou kwè tant you sitwayen enfòme e eduke se tant li genyen abilite pou-l debwouye li pi byen nan lavi ya.
Nou vle amuze komunote ya paske nou kwè amuzman se you eleman enpòtan ki kapab kalme you moun sitou nan moman strès e nan lòt moman tèt chaje. Alò n-ap pale de amuzman kretyen.
Nou vle sèvi komunote ya nan
Tout pwojè sa yo ke nou vize mete sou pye, fè pati sa nou rele devlòpman. Pou nou rive reyalize bagay sa yo fòk moun nan komunote ya kolabore avèk nou. Tout bagay sa yo mande tan, lajan epwi konpetans avèk eksperyans. Nou di ke ministè radyo a se you antite nonpwofi, sètadi nou pa opere menm jan avèk you biznis nan zafè lajan. Genyen gwo diferans ant you antite nonpwofi avèk you antite komèsyal. Pa ekzanp, pou ministè radyo a fonksyone, li oblije mande lajan e tout kontribusyon ou byen donasyon ke li resevwa dwe sèvi pou fè travay ki pou benefisye komunote a. Donk, angwo lajan ke ministè a ta resevwa dwe envesti nan travay ministè a pou lèv la kapab grandi. Men biznis yo pa opere konsa, yo pa mande moun lajan, yo vann machandiz ou byen sèvis e yo kapab fè sa yo vle avèk tout benefis ki rantre. Donk nou menm nan ministè radyo a, nou ta renmen pou komunote a konprann byen, se devwa nou pou nou mande kontribusyon e osi nou dwe reklame donasyon pou kèk nan sèvis ke n-ap ofri yo. Se lajan sa yo ki pou kouvri depans nou yo.
Lòt pwen enpòtan ke nou vle pale avèk komunote ya sèke ministè radyo a genyen tout fòmalite legal kote IRS rekonèt li kòm you òganizasyon charitab. Se poutèt sa nou genbe nan dosye nou tout moun ki kontribuye e lè ane ya fini, nou bay moun sa yo you lèt ki di konbyen kòb yo te bay ministè radyo a epwi yo kapab ale ranpli taks yo avèk li.
Devlòpman you komunote depann de responsabilite chak sitwayen konsekan. Li depann de tout biznis yo, ni gwo ni piti e li depann de legliz yo tou. N-ap mande tout moun pou vi-n pote kole ak nou pou nou kapab trase egzanp pou timoun nou yo k-ap grandi.
Ekonomi peyi a desann se vre, nou konn sa, se tout moun ki afekte. Men pwovèb kreyòl la di “Men anpil chay pa lou.” Nou genyen pa egzanp emisyon radyo a “La source de vie” ki danlè depwi kèk tan. Si genyen plis moun ki supòte nou, n’ap kapab achte plis lè pou nou kapab pataje avèk komunote ya plis enfòmasyon.
Si ou vle ede nou, ou kapab klike sou paj donasyon an e ou kapab utilize PAYPAL OU BYEN KREDI KAT
Pou tout lòt enfòmasyon ou kapab kontakte nou nan (540)650-0115 oubyen (540)397-4343. Email: haitianradioministry@yahoo.com
LISTEN TO SOME OF OUR PREVIOUS SHOWS AT:
Search Engine Submission - AddMe